Accessibility links

Breaking News

17 Prizonye Fanm Sibi Kadejak Pandan yon Evazyon Prizon Sivil Gonaives la


Foto Achiv: Drapo Ayisyen ap flote sou gazon Pale Nasyonal la nan Potoprens, 13 Out, 2012.
Foto Achiv: Drapo Ayisyen ap flote sou gazon Pale Nasyonal la nan Potoprens, 13 Out, 2012.

Tout 17 prizonye fanm ki te fèmen nan prizon sivil Gonayiv la sibi zak kadejak anba detni ki pat jwen chans sove pandan yon evazyon espektakilè ki te genyen nan prizon sivil Gonayib la, Jedi 26 Janvye pase a.

Pami viktim vyòl yo gen yon minè 17 lane, yon fanm ansent 8 mwa ak yon lòt kite akouche nan prizon an nan mwa Desanm nan. Tibebe li te mouri lopital yon semèn apre.

XS
SM
MD
LG