Accessibility links

Breaking News

Pri Aksyon yo Bese Apik Sou Machedlabous yo a Travè Lemond


Pri Aksyon yo Bese Apik Sou Machedlabous yo a Travè Lemond
Pri Aksyon yo Bese Apik Sou Machedlabous yo a Travè Lemond

Pri aksyon yo sibi yon bès apik divès kote sou planèt la ni jedi ni vandredi 4 ak 5 out 2011 la nan moman posiblite pou lemond ale nan direksyon yon lòt kriz ekonomik bay envestisè yo gwo kè-sote.

Ann Azi pri aksyon yo bese sou mache yo kote o Japon, pa egzanp, Nikkei la sibi yon bès 3,72% pou l desann rive nan nivo ki pi ba nan 5 mwa.

Nan Honk Kong, hang seng nan anrejistre yon bès 4,5% nan tranzaksyon ki dewoule nan fen jounen an.

Sou mache ewopeyen an obsèvatè yo atann yo aske mache yo rive nan yon nivo ki pi ba pase vandredi, jou kote yo te anrejistre yon bès preske 4%.

Ozetazini, endis endistriyèl Down Jones nan pèdi yon afè de 513 pwen –swa 4,3% sou valè li.

Se pi gwo bès yo anrejistre sou machedlabous ameriken an depi mwa doktòb 2008.

XS
SM
MD
LG