Lendi 26 mas 2012 la, Prezidan Michel Martelly fè yon vizit nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, kote li rankontre ak kòlèg dominiken n nan, Leonel Fernandez. Nan okazyon an, 2 dirijan yo siyen yon deklarasyon tèt-ansanm kote yo pran angajman pou ranfòse rapò bon vwazinay ki egziste ant 2 ayisyen ak pèp dominiken an. Misye Martelly pale pou l di –nap site: “Jewografi kòmande nou pou n viv ansanm pou byennèt popilasyon 2 peyi nou yo. »

Yon lòt kote, Minis Afè Etranjè ayisyen an, Laurent Lamothe, ak tokay dominiken n nan, Carlos Morales Troncoso, siyen yon pwotokòl akò ki tabli yon fon ki releFon Bolivaryen Solidarite ak Ayiti –ou tou senpleman « Fon an ». Fon sa a pral fasilite finansman pwojè gouvènman 2 peyi yo idantifye, menm jan komite ki la pou jere fon an (Komite Direksyon Fon an) kapab idantifye yo tou. 2 peyi yo pran angajman pou yo fè kapital fon an monte rive 500 milyon dola ameriken (US$ 500,000.000,00) maksimòm. Lajan sa a pral rete nan depo nan Bank Rezèv Repiblik Dominikèn nan yon kont k ap la pou sa menm, e se minis afè etranjè 2 peyi yo ki va jere li.

Nan okazyon vizit sa a, Prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, te òganize yon seremoni kote li dekore tokay ayisyen li a, Michel Martelly, ak lòd merit Duarte, Sanchez y Mella, ki se pi gwo dekorasyon gouvènman dominiken an kapab bay yon souvren oubyen yon chèf deta etranje. Misye Fernandez di objektif jès sa a se pou rekonèt efò Prezidan Martelly ap fè pou devlopman ak rekonstriksyon Ayiti. Nan seremoni an, lidè ayisyen an pale pou l di –nap site :

«Onè ou fè m lè ou remèt mwen pi gwo distenksyon peyi ou kapab bay la, se yon onè ki depase mwen pèsonèlman, pou l rejayi sou pèp ki remèt detine li nan men m nan. Kite m redi kijan emosyon anvayi m poutèt mwen resevwa pi gwo dekorasyon Repiblik Dominikèn kapab bay la. Mwen ba ou garanti mwen pral travay pou m montre mwen merite dekorasyon sa a. E, pou m fini, map lanse yon gwo kri kap sòti nan nan fon kò mwen : Se pou fratènite ayisyano-dominiken an viv pou tout tan va gen tan.»