Accessibility links

Breaking News

Somè Ayisyano-Dominiken Lendi 26 Mas 2012 la


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, ak tokay dominiken li, Leonel Fernandez, ap rankontre lendi 26 mas 2012 la pou yo pale de ranfòsman rapò ant 2 peyi yo. Youn nan objektif rankont sa a –kap dewoule nan peyi Panyòl- se remete sou pye komisyon bilateral miks la epi siyen 7 pwotokòl dakò k ap tabli fason pou elaji kad kolaborasyon nan divès domèn, tankou yon akò a-3 ant Repiblik Dominikèn, Ayiti ak Venezuela sou kolaborasyon nan kèk pwogram sosyal.

Pou prepare vizit ofisyèl Prezidan Martelly ap fè nan Sen Domeng nan, minis afè etranjè ayisyen an, Laurent Lamothe, te rankontre dimanch ak kolèg dominiken li, Carlos Morales Troncoso, nan vil La Romana, nan Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG