O Venzuela, Prezidan Hugo Chavez deklare li ranpòte laviktwa sou maladi kansè.
Misye Chavez, ki genyen 57 tan, retounen nan peyi li jedi 21 oktòb 2011 la aprè li te fè yon vwayaj nan Kiba kote I te subi kèk tès medikal.
Nan yon rankont ak laprès lidè venezueyen an fè nan vil La Fria, li di tès yo montre kounyela a li pa genyen kansè ankò.
Hugo Chavez pale konsa anvan li te patisipe nan yon pelerinaj ki dewoule nan legliz katolik vil La Fria.