Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump: 'Sa Nui M Dèske Pwokirè Jeneral Kap Mennen Ankèt sou Dosye Larisi ak Ansyen Direktè FBI la Se 2 Bon Zanmi'


 Ansyen direktè FBI la James Comey adwat ak Pwokirè Jeneral Kap Mennen Ankèt sou Dosye Larisi a, Robert Mueller.
Ansyen direktè FBI la James Comey adwat ak Pwokirè Jeneral Kap Mennen Ankèt sou Dosye Larisi a, Robert Mueller.

Nan premye entèvyou an pèsonn Prezidan Donald Trump bay depi 6 semèn, li di pwogram televizyon FOX & FRIENDS ke sa nui li dèske pwokirè espesyal kap dirije ankèt sou Larisi a, se zanmi ansyen direktè FBI li te revoke a, James Comey.

Lidè ameriken an deklare komisè espesyal Robert Mueller, se bon, bon zanmi mesye Comey , e sa bal pwoblèm. Lokatè Mezon Blanch la fè sijesyon kòmkwa Mesye Mueller ta dwe bay demisyon li nan yon sèten sans, e ke nou pral gade pou nou wè.

Prezidan Trump fè deklarasyon sa a apre animatè pwogram Fox & Friends te fin poze li kesyon sou pwen sa a omwen 3 fwa. Mesye Trump kontinye pou l di li gen kè sote deske pifò avoka pwokirè espesyal la chwazi pou akonpaye li nan ankèt sou dosye Larisi a, se moun ki deja fonksyone ak kan demokrat la.

XS
SM
MD
LG