Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Akize Susan Rice ki te Konseye Sekirite sou Administrasyon Obama a pou Espyonaj sou li


Konseye Sekirite Nasyonal sou Prezidan Barack Obama a, Susan Rice. (Foto: AP/Evan Vucci, 22 jiyè 2015).
Konseye Sekirite Nasyonal sou Prezidan Barack Obama a, Susan Rice. (Foto: AP/Evan Vucci, 22 jiyè 2015).

Prezidan Etazini Donald Trump fè konprann ke Susan Rice, konseye sekirite nasyonal pou ansyen Prezidan Barack Obama, te espyone sou manm ekip Mesye Trump ak sitwayen etranje nan telefòn nan lane 2016 pase a. Prezidan Trump di Madam Rice te chache konnen idantite moun sa yo pou te pran avantaj politik sou yo.

Sepandan, ansyen konseye sekirite nansyonal adminstrasyon Obama rejete akizasyon sa yo. Madam Rice, nan yon entèvyou sou chèn televizyon MSNBC, demanti ke Prezidan Obama ta mete telefòn Mesye Trump sou "tabdekout", yon akizasyon ke anpil palmantè nan Kongrè Etazini an tou ak responsab sèvis ransèyman rejte.

Madam Rice deklare ke nan ransèyman ki konn soti nan Mezon Blanch, li konn mande idantite yon sitwayen ameriken ke siveyans woutin revele ke li t ap pale ak ajan etranje, nan kad travay pou sekirite Etazini.

XS
SM
MD
LG