Accessibility links

Breaking News

Yon Kòmantè Prezidan Trump sou Kore di Nò Lakoz Pale Anpil anvan Vizit Prezidan Chinwa a Xi Jinping Gen pou l Fè Ozetazini


Prezidan Donald Trump pandan yon reyinyon ak Asosiyasyon Nasyonal pworpiyè Izin yo, 31 mas, 2017, Mezon Blanch, Washington.
Prezidan Donald Trump pandan yon reyinyon ak Asosiyasyon Nasyonal pworpiyè Izin yo, 31 mas, 2017, Mezon Blanch, Washington.

Prezidan Etazini Donald Trump pale sevè, men yon jan vag sou Kore di Nò, anvan li resevwa, nan mwa april 2017, vizit Prezidan chinwa a, Xi Jinping. Moun soulve yon pakèt pawòl anpil kòmkwa Prezidan Trump ka vle pouswiv yon gwo chanjman nan oryantasyon politik la ki ta swa fè yon antant ak Peken pou ba l anpil avantaj pou rezoud pwoblèm ke li genyen ak gouvènman Kore di Nò a, oubyen kòmanse yon gè kote li ta lanse premye atak la.

Nan yon entèvyou nan dat 2 avril 2017 la ak jounal angle Financial Times, Mesye Trump deklare si Lachin pa pwal rezoud pwoblèm Kore di Nò a, “nou pwal fè sa.” Sekretè Deta Etazini Mike Tillerson ak Sekretè Defans Jim Mattis rete nan direksyon sanksyon ekonomik sou Pyongyang pou fè l abandone anbisyon nikleyè li a.

XS
SM
MD
LG