Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pwomèt pou l Ogmante Bidjè Defans Militè Etazini an


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap vizite yon remiz bato nan eta Virjini jedi 2 mas 2017 la.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap vizite yon remiz bato nan eta Virjini jedi 2 mas 2017 la.

Prezidan Etazini Donald Trump pwomèt pou l ogmante depans militè lè l te vizite yon remiz bato nan eta Virjini jedi 2 mas 2017 la, pou l te fè yon toune abò bato de gè ki pi chè ki janm ekziste.

Mesye Trump te mete yon vès militè ak kask nan tèt li pou l vizite bato de gè USS Gerald R. Ford ki koute 12 milya 9 milyon dola, ki te gen gwo pwoblèm bidjè konstriksyon e ki ka antre nan sèvis ane 2017 la.

XS
SM
MD
LG