Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Mande Aksyon Ki Pi Sevè Kont Kore di Nò


Prezidan Doanld Trump ki tap pale an piblik nan Lapolòy devan moniman Warsaw nan Krasinski Square, Polòy. REUTERS/Kacper Pempel.
Prezidan Doanld Trump ki tap pale an piblik nan Lapolòy devan moniman Warsaw nan Krasinski Square, Polòy. REUTERS/Kacper Pempel.

Prezidan Donald Trump lanse yon apèl, jedi 6 jiyè 2017 la, bay tout nasyon nan lemond pou konfwonte menas nikleyè Kore di Nò a epi montre peyi sa a piblikman chak aksyon lap poze pral mache ak gwo konsekans.

Pandan yon vizit Mesye Trump ap fè nan Lapolòy li di li pa pral trase yon liy wouj ni pale de plan li genyen pou l rezoud pwoblèm nan. Sepandan, lap panse ak yon seri mezi sevè pou fè fas ak sitiyasyon an.

Na mèkredi 5 jiyè swa you jou avan, Anbasadè ameriken an nan Nasyon Zini, Nikki Haley, te deklare bay manm Konsèy Sekirite yo:

“Lèzetazini pare pou l itilize mwayen militè nan tantativ pou l defann tèt li kont tout lansman misil balistik entèkontinal Kore di Nò ta fè nan direksyon peyi li a." Sepandan Madam Haley kontinye pou l di:

"Li tap pi bon si nou ta itilize mezi ekonomik e diplomatik pou rezoud kriz la."

XS
SM
MD
LG