Prezidan Donald Trump ki tap pale jedi 22 jen 2017 la ak laprès deklare li pat fè anrejistre konvèsasyon li te genyen avèk James Comey, direktè FBI li te revoke nan dat 9 me pase a, apre misye Comey te di ke prezidan an te bay konsèy pou l kite tonbe ankèt FBI tap mennen sou swadizan enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl Novanm 2016 la.
Avèk deklarasyon sa a, Misye Trump mete fen nan kesyon moun tap pose depi plizyè semèn pou mande èske li te anrejistre 2 konvèsasyon an prive La Mezon Blanch te genyen avèk James Comey. Youn nan yo, se yon konvèsasyon 2 zòm yo te genyen nan La Mezon Blanch kote prezidan an te envite Misye Comey diné avèk li kèk jou sèlman apre prezidan an te prete sèman an janvye 2017 la.
Nan okazyon sa a, Misye Trump te mande ansyen direktè FBI la pran yon angajman solanèl pou l sèvi li fidèlman; men misye Comey te derefize.
Nan dat 8 jen 2017 pase a, ansyen direktè FBI la, James Comey te prezante devan komisyon Sèvis Sekrè Sena a kote li te reponn kesyon sou plizyè konvèsasyon li te genyen ak Prezidan Trump nan mwa ki te vini anvan revokasyon li a. Pandan 3 nan kontak sa yo, 2 mesye yo te rankontre fas-a-fas, alòske 6 lòt te fèt nan telefòn.