Yon pòtpawòl prezidan ris Vladimir Putin fè konnen rankont ki te dewoule nan Lamezon Blanch ant minis afè etranjè Larisi a ak Prezidan ameriken an, Donald Trump, se te yon chita-pale ekstrèmman pozitif.
Pòtpawòl Dimitri Peskov di jounalis yo, Moskou gen espwa sou posiblite pou relasyon ant 2 peyi yo ta amelyore, paske gen anpil travay ki dwe fèt toujou nan sans sa a. Deklarasyon sa a rive yon jou apre Prezidan Donald Trump te fin akeyi isit nan Washington minis afè etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, pou yon chita-pale ki te santre pou pifò sou gè sivil peyi Siri a.
Prezidan Donald Trump, ki te pale ak laprès apre rankont la, di li fè yon bonjan chita-pale ak chèf diplomasi ris la. Lidè ameriken an ajoute: " Mwen panse rankont la te bon anpi."