Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Prezidan Siryen an Vizite Viktim Tranblemanntè a

Prezidan Siryen an Bashar al-Assad ak madanm ni Asma vizite yon granmoun ki siviv tranblemannte a nan lopital inivesite Aleppo a, nan foto sa a ke Prezidans la distribye bay lapres 10 Fevriye 2023.

Prezidan Siryen an, Bashar al-Assad vizite Lopital Inivesite Aleppo a, dapre prezidans la Vandredi. Se premye vizit li fè nan zon kote tranblemanntè a frape a.

Prezidans la pataje imaj Assad ak madanm ni ki tap vizite moun ki te blese nan sekous la ki devaste yon pati peyi a epi touye plizyè milye moun.

See all News Updates of the Day

Zelensky nan Arabi Saoudit

Saudi Arabia Arab Summit

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky anonse Vandredi ke li rive nan Arabi Saoudit pou patisipe nan somè Lig Arab la nan vil Jeddah anvan ke li ale Japon pou patisipe nan reyinyon G7 la.

Zelensky di sou kont Telegram li. "Mwen pral pale nan somè Lig Arab la. Mwen pral rankontre Prince eritye Mohammed bin Salman epi fè lòt chita pale."

Se premye vizit li nan rejyon an depi kòmansman envazyon Ris la 24 fevriye 2022 a.

Apre vwayaj li nan Arabi Saoudit, Volodymyr Zelenskyy espere ale an pèsòn nan somè G7 la nan Iwochima (Japon), kote lidè prensipal ekonomi Lwès yo deja anonse nouvo sanksyon pou trangle ekonomi Ris la.

Prezidan ikrenyen an fèk sot fè vire-won nan plizyè peyi ann Ewòp pou mande plis zam ak ekipman militè pou sipòte yon gwo kont-ofansif ki vize repran teritwa Larisi okipe yo.

Pakistan: Lapolis ap Chèche Patizan Imran Khan

Pakistan: Lapolis ap Chèche Patizan Imran Khan
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:07 0:00

Lapolis lage koukou-wouj dèyè patizan ansyen PM peyi Pakistan Imran Khan ki te jwenn arestasyon-l nan semèn nan.

Ansyen premye minis peyi Pakistan Imran Khan Libere sou kosyon

Imran Khan, Pakistan

Ansyen premye minis peyi Pakistan Imran Khan jwenn libète sou kosyon, dapre desizyon Gran Tribinal la nan Islamabad jodi vandredi a, apre arestasyon li, semèn sa a, anba akizasyon detounman lajan, te deklannche lese-frape kote moun te pèdi lavi.

Paramilitè te mete men sou Khan nan yon tribunal, madi a, pou fèmen li nan prizon, men apre sa, Kou Siprèm nan deklare arestasyon an ilegal e ekzije pou sistèm jistis la retounen sou pwosesis la.

Jodi vandredi a, apre li te fin retounen nan Gran Tribinal Islamabad la nan yon konvwa chaje ak sekirite e mache pou antre nan bilding nan ansanm ak dè douzèn ajan polis ak paramilitè, tribunal la lage li sou kosyon.

“Tribinal la akòde Imran Khan yon kosyon pwovizwa 2 semèn e pase otorite yo lòd pou yo pa arete li pou pwosè detounman lajan an,” se sa avoka Khawaja Harris ki ap defann Khan di jounalis yo.

Avoka yo ki ap defann pati Khan nan, pati ki gen ti non PTI, te rasanble devan tribunal la anvan yo te rele bien fò: “Khan, fidèl ou yo tèlman anpil ke ou pa ka konte yo” epi “Avoka yo vivan”, lè lidè dechouke a te leve yon ponyèt li anlè.

Human Rights Watch, Di Lapolis nan Pakistan "Tire sou Manifestan" Yo

PAKISTAN-POLITICS-KHAN-ARREST-PROTEST

Lapolis ak politisyen nan Pakistan konfime jedi ke pifò nan komite santral pi gran pati politik peyi a, pati ansyen Premye-minis Imran Khan nan ak dè santèn sipòtè li swa te jwenn arestasyon yo oswa lapolis dèyè yo.

Koukou-wouj sa a vini kòm repons pou manifestasyon masif ak vyolan ki te dewoule nan tout peyi a, ki te gen nan tèt yo pati opozisyon Pakistan Tehreek-e-Insaf, pati ansyen PM Khan nan, ki te move kou Kong pou arestasyon li ki te fè gwo espektak, madi a devan yon tribunal nan kapital la, Islamabad.

Lese-frape ant manifestan, gason ak fanm, ak lapolis depi lè a pran lavi pou pi piti 8 moun e blese yon pakèt lòt. Pou defann arestasyon yo, lapolis di ke yo te fèt sou akizasyon kraponay kriminèl, deblozay, ak atak sou pwopriyete leta.

Gwoup ki ap defann dwa moun, Human Rights Watch, di jedi lapolis nan Pakistan “tire sou manifestan e fè vyolans” san nesesite sou yo.

Ansyen Premye-Minis Pakistan Imran Khan Parèt Devan Tribinal

PAKISTAN-POLITICS-KHAN

Ansyen Premye-Minis Pakistan Imran Khan parèt devan yon tribinal espesyal mèkredi anba akizasyon kòripsyon.

Khan prezante yon jou apre yo te arete li sanzatann devan yon tribinal nan kapital la Islamabad. Yo te pran Khan ki gen 70 lane sou tèt li e mete li anba kòd pandan li t ap pare pou tande tout akizasyon ki sou do l, soti nan swazidan zak teworis ak kòripsyon pou rive nan trayizon ak lòt ofans kriminèl.

Sesyon tribinal la jodia dewoule pandan gen gwo mezi sekirite nan katye general lapolis la kote yo kenbe li.

Arestasyon li a te deklannche manifestasyon rapid, masif e violan nan lari Islamabad ak nan lòt vil nan Pakistan kote sipòtè pati politik Khan nan move kou Kong, an palan pati Tehreek-e-Insaf.

Load more

XS
SM
MD
LG