Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sena Ayisyen an, Dr. Kelly Bastien, Pa Dakò Ak Opozisyon an K'ap Reklame Demisyon Prezidan Préval


Misye René Préval, Prezidan peyi Dayiti
Misye René Préval, Prezidan peyi Dayiti

Solisyon kriz politik Ayiti ap travèse a pa nan voye prezidan René Préval ale, dapre prezidan Sena ayisyen an, Kelly Bastien. Misye Bastien t'ap kòmante mouvman leve-kanpe opozisyon an k'ap reklame depa misye Préval depi 2 Chanm Asanble Nasyonal la te vote lwa ki mete 3 mwa sou manda chèf leta a k’ap bout 7 fevriye 2011.

Prezidan Sena a pa apwouve demach opozisyon an ki vle pou misye Préval kite pouvwa a, paske li "vyole" konstitisyon an lè li fè branch lejislatif la vote lwa dijans modifye a fè lonje manda li. Anpil nan lidè politik ki vle pou prezidan an bay demisyon l' yo akize e repwoche 'l deske li pa janm òganize bon eleksyon pandan okenn nan de (2) manda li fè sou pouvwa a. Apa sa, yo pa vle non plis ale nan eleksyon ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) enstitisyon ki gen responsablite òganize eleksyon nan peyi a e ki ta dwe tounen depi ane 90 yo yon kò pèmanan olye youn enstitisyon pwovizwa-pèmanan—yon sitiyasyon de facto yo repwoche chèf leta a ki genyen misyon pou l' aplike, fè aplike, pwoteje, respekte e fè respekte tout enstitisyon repiblik la.

Pou Kelly Bastien, demisyon Préval ka konplike pi rèd yon sitiyasyon ki deja mangonmen. "Ni pou nou antanke Ayisyen, ni entènasyonal ki vinn la a pou yo vinn konsolide demokrasi... pa gen youn nan nou ki gen enterè pèdi okazyon sa a pou n' avanse nan kesyon eleksyon yo", Bastien deklare.

Dr. Bastien mande yon pase-men nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a ak yon chita-pale ant prezidan René Préval ak pati politik yo pou evite mwens konfli e pou bon eleksyon ka dewoule nan peyi a nan mwa novanm nan.

Antretan, Sousekretè Deta afè pénal yo, Mèt Claudy Gassant, sanble ta remèt minis jistis ayisyen an lèt demisyon li. Li pat posib pou Lavwadlamerik jwenn konfimasyon ni demanti nouvèl la ki t'ap fè tou kapital ayisyen an madi apre midi 8 me a.

Pèsonn pa konnen motif ki ta dèyè yon posib demisyon mèt Gassant—yon juj "fougueux", yon mèt Janjak) yon Balthazar Garcon ayisyen—ki pa sispann fè pale de li depi li te responsab dirije ankèt sou asasinay selèb jounalis ayisyen Jean Leopold Dominique apre "enkoni" te tire e touye l' devan lokal radyo li nan mwa avril ane 2000.

NDLR: Al fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo, adwat atik sa a pou nou koute repòtaj korespondan nou Rotchild François jr. ak Clarens Renois sou 2 dosye sa yo.

XS
SM
MD
LG