Accessibility links

Breaking News

Prezidan Pewouvyen ap Vann Avyon Prezidansyèl la Pou Finanse Sante ak Edikasyon


Le président du Pérou Pedro Castillo lors d'une tournée à Lima, au Pérou, le 15 mai 2021 pendant le second tour de la présidentielle. (Photo Reuters/Sebastian Castaneda)
Le président du Pérou Pedro Castillo lors d'une tournée à Lima, au Pérou, le 15 mai 2021 pendant le second tour de la présidentielle. (Photo Reuters/Sebastian Castaneda)

Pedro Castillo ki se nouvo prezidan Perou a, te di ke li ap vann avyon prezidansyèl la, e li pral ogmante salè minimòm travayè yo apati 1e desanm.

Prezidan Castillo deklare "Mwen vle anonse nou ke nou pral vann avyon prezidansyèl la, lajan sa pral itilize pou la sante ak edikasyon".

Misye Castillo te anonse lòt mezi tankou, entèdi "nenpòt moun ki fonksyonè leta vwayaje premye klas nan avyon". Prezidan an di "Nan yon gouvènman pèp la chwazi, fonksyonè leta yo pral vwayaje tankou tout sitwayen ".

Avyon prezidansyèl la se yon Boeing 737-528 li gen plas pou 70 pasaje.

Se pa premye fwa ke yon chèf deta nan peyi Perou eseye vann aparèy sila.

An 2007, ansyen prezidan Alan Garcia te echwe nan tentativ poul te vann li. Youn nan rezon ki fè yo pat ka vann li, se pri yo te mande a paske yo te vle $18.5 milyon pou aparèy la

Pedro Castillo anonse tou yon ogmantasyon nan salè minimòm nan ki ap soti 930 pou'l vin 1,000 sols (oswa 223 a 250 dola) apati 1e desanm.

XS
SM
MD
LG