Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rive nan Eta Louisiane


Misye Obama anile vwyaj li te gen pou l’ fè nan Chicago, Eta Illinois li te reprezante nan Sena a, nan okazyon wikenn manch long fèt souvni an «Memorial Day » poul’ al vizite yon plaj kote responsab yo tabli yon kòdon pwoteksyon kont mare nwa a e rankontre kòmandan operasyon netwayaj yo, Amiral Thad Allen.

Prezidan Barack Obama ap fè yon vizit nan rejyon Gòlf Meksik la pou konstate ak de je li dega « mare nwa a » petwòl la pwovoke nan anviwonnman an e genyen yon kont-randi "premye men" sou efò ki sou pye pou netwaye nap luil pwès ki gaye sou kòt ak plaj Eta Louisiane nan. Misye Obama anilye vwyaj li te gen pou l’fè nan Chicago, Eta Illinois li te reprezante nan Sena ameriken an, nan okazyon wikenn manch long fèt souvni an « Memorial Day » pou l’ al vizite yon plaj kote responsab yo tabli yon kòdon pwoteksyon epi rankontre Amiral Gadkòt Thad Allen kap kòmande operasyon yo.

Apre sa, prezidan an va ale nan Grand Isle—yon baz Gadkòt Etazini—pou koute yon deklarasyon Amiral Allen sou operasyon ki sou pye pou konbat mare nwa a, e rankontre plizyè lòt gwo responsab—pami-yo, gouvènè Louisiane, Floride ak Alabama. Misye Obama ka pase 3 zèd’tan nan rejyon an. dwe koute yon kont-randi Amiral Thad Allen sou sitiyasyon an, fè kèk deklarasyon e reponn kesyon jounalis yo.

Konpayi British Petroleum (BP) ki posede pi kap vonmi petwòl nan lanmè a di li kontinye ap ponpe yon likid ki tankou labou nan Gòlf Meksik la (yon pwosede li rele « top kill ») pou konbat fuit ki anba lanmè a. Nan yon entèviou ak chèn televizyon ameriken, CBS television, Direktè Egzekitif BP a, Tony Hayward, di yo lage tou kawotchou ak lòt materyo nan pi a. Pwosede sa a rele « junk Shot ». Li fè konnen sa ka pran 2 jou anvan konpayi a ka konfime si manèv « to kill la » reyisi. Si li mache, British Petroleum fè konnen li pral sèvi ak siman pou l’ bouche pi a. British Petroleum di li déjà depanse 930 milyon dola nan operasyon pou sele pi a.

Prezidan Obama deklare li pran responsabilite total desizyon pou l' kondane pi a e netwaye petwòl kap naje sou lanmè a, epi mete operasyon kòlmataj BP yo anba kontwòl gouvènman federal la.

Platfòm ki te sou pi petwòl la te sote 20 avril dènye a nan Gòlf la kote li touye 11 travayè e detwi pi a ki byen fon anba lanmè. Akòz katastwòf la, prezidan Barack Obama pwolonje pou 6 mwa mezi ki entèdi konpayi pwospeksyon yo pèse pi anba lanmè pou anpeche yon lòt dezas menm jan an. Desizyon sa a frape konsène tou tout aplikasyon antreprenè te soumèt pou fouye pi petwòl nan rejyon Atik la (Océan Arctique) toupre kòt Eta Alaska.

XS
SM
MD
LG