Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre ak Premye Minis Irakyen an


Prezidan Etazini an, Barack Obama fè yon chita-tande nan la mezon blanch la avèk premye minis irakyen an, Nouri al Maliki
Prezidan Etazini an, Barack Obama fè yon chita-tande nan la mezon blanch la avèk premye minis irakyen an, Nouri al Maliki

Prezidan Etazini an, Barack Obama fè yon chita-tande nan la mezon blanch la avèk premye minis irakyen an, Nouri al Maliki. De lidè yo diskite sou avni peyi Irak lè sòlda ameriken yo va fin soti nan peyi sa a bò fen mwa sa a.

Otorite nan la Mezon Blanch yo di rankont lidè ameriken an ak lidè irakyen an kouvri efò k ap fèt pou kòmanse yon nouvo chapit nan patenarya stratejik 2 peyi yo e li pral gen ladann kesyon tankou enèji ak edikasyon.

Aprè rankont Msye Obama ak Msye Maliki la, 2 lidè yo pral bay yon konferans pou laprès konjwen. Yo gen pou yo al vizite simityè nasyonal Arlington nan ki tou pré a kote yo antere apeprè 4 mil 500 solda ameriken ki te pèdi lavi yo ann Irak depi lagè a te kòmanse nan ane 2003.

XS
SM
MD
LG