Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Pale Devan Asanble Jeneral l’ONU an Mèkredi 21 Septanm 2011


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral fikse atansyon n prensipalman sou respons Lèzetazini ap bay sa yo rele “Prentan Arab la” ak efò lapè k ap fèt nan Mwayen Oryan an, lè li va prezante yon mesaj, mèkredi 21 septanm 2011 la, devan asanble jeneral Nasyon Zini an k ap fè sesyon anyèl li nan Nouyòk.

Daprè sa la Mezon Blanch di, lidè ameriken an pral pale de manda eksepsyonèl Lèzetazini ak lòt peyi te genyen pou yo entèvni nan Libi kòm yon ekzanp ki montre kisa kowoperasyon entènasyonal kapab reyalize, epi li va abòde tou repons Lèzetazini devan yon lane kote chanjman demokratik ekstwodinè fèt nan mond arab la.

Daprè yon rezime mezaj la ki parèt nan laprès byen anvan Misye Obama pran lapawòl devan asanble jeneral l’ONU an, prezidan ameriken an pral pale tou de :

« Yon epòk angajman tou nèf kote administrasyon Obama a mete fen nan yon izòlman innitil Lèzetazini vizavi divès kalte pwoblèm mondyal, »

XS
SM
MD
LG