Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Fè Yon Diskou Enpòtan Sou Mwayen Oryan an ak Afrik di Nò


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama genyen pou l fè yon diskou enpòtan jedi 19 me a sou chanjman politik k ap fèt nan Mwayen Oryan an e ann Afrik di Nò.

Misye Obama –ki pral fè diskou sa a nan Depatman Deta- ap santre mesaj li a sou mouvman demokratik pasifik k ap fèt nan 2 rejyon nou site yo.

Obsèvatè yo prevwa lidè ameriken an pral vini avèk kèk inisyativ sou plan finansye a pou l apiye modènizasyon ekonomik, refòm ak estabilite nan peyi Lejip ak Tinizi, kote manifestasyon ki t ap reklame demokrasi te debouche sou demisyon lidè gwo ponyèt ki tap dirije peyi sa yo depi lontan.

Obsèvatè yo prevwa tou Prezidan Obama pral anonse yon pwogram rediksyon dèt ak envestisman k ap koute yon milya dola, avèk yon lòt pou menm kantite lajan an (swa yon milya dola) pou garanti prè ekonomik pou Lejip ak Tinizi.

Misye Obama pral fè diskou sa a nan Washington nan moman revolisyon ki fèk fèt nan 2 peyi nou site yo pèdi premye plas la nan nouvèl entènasyonal yo, kote laprès ap pale pito de konfli vyolan k ap dewoule nan peyi Yemèn, Siri ak lòt kote. Konsèye sekirite nasyonal misye Obama a, Thomas E. Donilon --ki t ap abòde sitiyasyon an nan rejyon an mèkredi-- fè konnen Lèzetazini ap ogmante presyon an sou prezidan Yemenit la, Ali Abdala Salé, pou misye kapab pouse pou pi devan e imedyatman avèk tranzisyon politik la.

XS
SM
MD
LG