Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mete Aksan Sou Lavni nan Diskou li a


Prezidan Obama Mete Aksan Sou Lavni nan Diskou li a
Prezidan Obama Mete Aksan Sou Lavni nan Diskou li a

Nan diskou li prezante chak ane devan Kongrè a pou plizyè dizèn milyon ameriken k ap gade nan televizyon, Prezidan Obama lanse apèl pou mande Lèzetazini envesti plis nan edikasyon, enfrastrikti ak inovasyon syantifik. Li deklare Lèzetazini bezwen inove plis e pi edike pase rès mond la.

Prezidan Obama di: "Nou dwe fè Lèzetazini tounen meyè kote sou latè pou moun biznis. Nou bezwen pran responsabilite pou defisi nou an epi fè refòm nan gouvènman an. Se fason sa a pèp nou an pral pwosepere. Se konsa nou pral genyen e asire avni nou."

Dezyèm mesaj sou Eta Inyon Prezidan Barack Obama devan 2 Chanm Palman ameriken an te santre sou kesyon lokal yo, espesyalman sou ekonomi an. Nan diskou a, prezidan an anplwaye langaj pi “optimis” li janm anplwaye jiskaprezan sou relans ekonomi an.

Prezidan Obama kontinye pou l di: "Nou sou wout pwogrè. 2 zan apre pi move resesyon pifò nan nou janm konnen nan vi nou, mache dlabous la rekomanse ap begle ankò. Pwofi gwo antrepriz yo ogmante. Ekonomi an rekomanse anrejistre kwasans ankò."

Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama
Men misye Obama rekonèt to chomaj la rete Wo toujou e ke Ameriken yo vle pou dirijan yo santre atansyon yo sou “kreye travay”. Pou sa, prezidan an mete yè swa devan nasyon an plan li pou amelyore kapasite Etazini pou l fè konpetisyon. Li genyen ladan n ogmantasyon depans gouvènman an pou ede fè rechèch ak devlopman --espesyalman nan teknoloji pou mete opwen sous enèji pwòp.

Li lanse apèl tou pou gouvènman federal la vini ak kèk “inisyativ” pou amelyore lekòl ak Inivèsite atravè peyi a e envesti tou nan amelyorasyon enfrastrikti yo, epitou fè refòm nan gouvènman an.

Nan Repons Pati Repibliken an, Depite Paul Ryan, Prezidan Komite Bidjè Chanm Depite a, deklare misye Obama kontinye ap depanse depase limit.Ranfòse biwokrasi pou ankouraje inovasyon, konpetisyon ak chwa saj konsomatè yo pa janm “mache” e li pa pral mache fwa sa a ankò. Daprè Depite Paul Ryan peyi a dwe pran yon lòt direksyon.

Paul Ryan
Paul Ryan

Li kontinye pou l di: "Prezidan an te poutan touche yon pwen ki sansib pou Repibliken yo konsènan defisi bidjè federal la; li pwopoze pou pandan 5 kan jele pifò depans sivil gouvènman an. Li deklare Plan sa a pral koupe 400 milya dola nan defisi a sou yon peryòd 10 zan."

Nan yon deklarasyon li pibliye anvan Diskou Misye Obama a, Prezidan Chanm Depite a, John Boehner te kalifye pwopozisyon kòm yon pwopozisyon ki pa apwopriye.

Nan lòt domèn yo, Misye Obama di Washington dwe abòde kesyon refòm lwa sou imigrasyon an. Nan domèn afè etranje, prezidan an di li retabli pozisyon Lèzetazini nan lemond.. Lidè ameriken an di Lagè Irak a ap rive nan pwen final li, pwogrè ap fèt nan direksyon pou pase mayèt la bay Afghanistan e rezo teworis Al-Qaida a nan mawon.

XS
SM
MD
LG