Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mande Plis Presizyon Sou Plan Prezidan Ejipsyen an


Prezidan Barack Obama k ap mache nan lakou La Mezon Blanch la Ozetazini
Prezidan Barack Obama k ap mache nan lakou La Mezon Blanch la Ozetazini

Ozetazini, Prezidan Barack Obama lanse yon apèl prese-prese bay gouvènman ejipsyen an pou l bay detay avèk klarte e presizyon sou plan li genyen pou l devlope yon pwosesis ki va debouche sou yon demokrasi ki veritab e ki merite konfyans.

Prezidan Obama ak administrasyon n nan te kòmanse jounen jedi 10 fevriye avèk gwo espwa, nan moman kèk sign te montre li te posib pou prezidan ejipsyen an, Hosni Mubarak anonse l ap kite pouvwa, pou l satisfè demand plizyè santèn milye sitawyen peyi li k ap pwoteste pou mande l bay demisyon n.

Pandan lidè ameriken an te nan Eta Michigan, li te atire atansyon sou sa l rele “yon moman transfòmasyon” ki, daprè li, genyen nan tèt li yon nouvèl jenerasyon ejipsyen. Misye Obama te kontinye pou l di: "Lèzetazini pral kontinye apiye yon tranzisyon k ap evolye nan lòd e la disiplin e ki va debouche sou yon vrè demokrasi. Ejipsyen yo pral lari an trè grand kantite, yo reprezante tout laj e tout kouch nan vi sosyal la; men se jèn moun yo ki devan nan mouvman sa a, se yon nouvèl jenerasyon ki vle fè tande vwa yo."

Apre misye Obama te gade nan televizyon mesaj lidè ejipsyen an, Hosni Mubarak, mete devan pèp la pou l di l ap transfere pouvwa a bay vis-prezidan Omar Suleiman --men li pap kite Lejip-- prezidan ameriken an te kite Michigan pou l antre Washington; e imedyatman li te fè yon rankont ak manm Ekip sekirite nasyonal Lèzetazini an.

Misye Obama di: "Gouvènman ejipsyen an fè pèp la konnen genyen yon transfè otorite ki fèt, men moun poko ka di egzakteman si transfè sa a ap fèt imedyatman, si l enpòtan, e si li sifi pou nouvo chèf yo kapab dirije Lejip kòmsadwa."

XS
SM
MD
LG