Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama: L'OTAN pap Lache Presyon an Sou Libi


yon atak L'OTAN sou Libi nan zòn Tajura
yon atak L'OTAN sou Libi nan zòn Tajura

Prezidan Barack Obama ak premye minis britanik la, David cameron, deklare operasyon militè nan Libi a pral kontinye jiskaske lidè libyen an, Mouammar Kadhafi, sispann atake sivil nan peyi li e abandonnen pouvwa a.

Nan yon konferans pou laprès li bay ansanm ak premye minis britanik la nan vil Lond mèkredi 25 me 2011 la, misye Obama di alye yo pa pral bese presyon an sou misye Kadhafi. Misye Cameron deklare Grande Bretay pral egzaminen tout opsyon pou l ogmante presyon an pi plis. 2 dirijan yo di objektif la se pou pèp libyen an kapab lib pou l chwazi pwòp avni li.

"Pa genyen dout Lèzetazini ak Wayòm Ini kanpe kareman bò kote sila k ap soufri depi lontan pou viv lib. Kounye a nou dwe montre nou pral kore pawòl sa yo avèk aksyon. Sa vle di: envesti nan avni nasyon kap fè tranzisyon nan direksyon demokrasi-yo; kòmanse sou Tinizi ak Egypt, ak ranfòsman echanj ak ranfòsman relasyon komèsyal avèk yo e ede yo demontre libète pote pwosperite."

Prezidan Obama kontinye pou’l di ke li kwè kanpay l’Otan ap mennen nan Libi a pral debouche alafen sou dechoukaj fòs k ap apiye lidè libyen an, men li ajoute “sa pa pral fèt vit e sa kapab pran tan“.

Lidè ameriken an di Lèzetazini ak Inyon Ewòp-la ap ogmante presyon an tou sou prezidan siryen an, Bashar Al-Assad ki genyen fòs sekirite li yo ap atake manifestan k ap pwoteste kont gouvènman li an.

Misye Cameron di li menm ak misye Obama pral plede nan somè Gwoup 8 la k ap dewoule semèn sa a anfavè yon gwo pwogram ekonomik ak apui politik pou peyi nan Pwòch-Oryan an ak Afrik Di Nò a k ap chèche fè refòm lakay yo. Lidè britanik la ajoute, li menm ak Prezidan Oabama dakò yo pral kanpe ak sila k ap lite pou libète-yo.

Prezidan ameriken-an pran lapawòl tou devan 2 chanm Palman britanik la reyini: yon onè kèk rar chèf Deta benefisye nan Grand Bretay.

XS
SM
MD
LG