Prezidan ameriken an, Barack Obama, mande pou kongrè Lèzetazini an vote pwopozisyon 447 milya dola li anonse , sa pa gen lontan. Pwopozisyon sa a vize kreye djòb epi anpeche pi gwo ekonomi sou planet la, kidonk Etazini, tonbe nan yon nouvo resesyon.
Prezidan an di:
“Nou genyen yon ekonomi mondyal ki chaje ak ensètitid jounen jodi a, ni ann Ewòp ni nan Mwayen-Noryan an. Gen kèk evènman nou pa an mezu pou n kontwole, men pwopozisyon sa a, se yon bagay nou kapab kontwole.
Kit nou pase lwa sa a oubyen nou pa pase l, solisyone pwoblèm nan, se yon bagay nou ka kontwole. Nou tande anpil moun k ap pale sou ensétitid ki egziste nan ekonomi amerikèn nan, se yon ensètitud ke nou gen kapasite pou n evite. ”
Prezidan Barack Obama te entwodui pwopozisyon 447 milya dola li a devan 2 chanm kongrè Lèzetazini an semèn pase.