Prezidan Barack Obama deklare li gen entansyon kontinye mete presyon sou depite yo pou fòse yo vote lwa sou kreyasyon travay li a, malgre kritik repibliken yo ki fè konnen, pwojè sa pa koresponn di tou ak politik peyi a bezwen pou kreye plis travay.
Prezidan Obama ap vwayaje atravè Etazini pou fè pwomosyon pou pwojè lwa sa a k ap koute 447 milya dola. Li fè konnen pwojè li a pral remanbre ekonomi amerikèn nan k ap soufri ak depresyon.
Lwa sa a pral ede ti antrepriz yo epi fasilite kreyasyon 2 milyon djòb. Li pral pèmèt travayè nan sektè konstriksyon an ak pwofesè lekòl yo pral rekòmanse travay.