Lèzetazini onore jodi a memwa sòlda li pèdi nan tout gè peyi a livre nan syèk sa a ak nan syèk pase a nan okazyon jou veteran yo ke Prezidan Barack Obama komemore.
Anivèsè sa a (ki make trèv premye gè mondyal la an 1918- -Jou Amistis la) tonbe 2 mwa anvan tout twoup ameriken yo kite peyi Irak, pandan gen apeprè 100 mil lòt k ap ofri sèvis yo toujou nan Afganistan.
Chèf Mezon Blanch lan, ki t al depoze yon jèb flè sou tonm sòlda enkoni an, nan simityè Arlington nan, toupre kapital federal ameriken an (Washington,DC) deklare lagè a ap rive nan bout li pou sòlda ki nan Irak yo.
"Nou kapab kanpe isit la jodi a e deklare ak konfyans, vag lagè a ap bese. Nan kèk semèn sèlman, lagè manch-long nan Irak la pral, anfen, rive nan bout li. Tranzisyon nou nan Afganistan an ap vanse e, konpatriyòt ameriken mwen yo, twoup nou yo ap retounen nan peyi yo."
Nan mesaj li delivre nan okazyon komemorasyon jou veteran lagè yo, Prezidan Obama fè remake retou sa a ki tonbe nan sezon fèt fen ane yo, se yon retou sòlda yo nan fanmi ak nan fwaye yo:
"Pou anpil fanmi militè sezon fèt sa a vle di, se pral yon sezon « retou lakay ». E pandan 5 pwochen ane yo, plis pase yon milyon ameriken ki anba inifòm peyi a pral fè tranzisyon pou yo tounen nan lavi sivil."