Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Gen Pou l bay Detay Sou Bidjè Ane 2012 la


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Ozetazini, Prezidan Barack Obama genyen pou l bay detay lendi 14 fevriye 2011 la, sou bidjè federal administasyon n nan pwopoze pou ane 2012 la, yon bidjè ki pral chache koupe yon trilyon plis yon milya dola sou defisi federal la nan 10 zan k ap vini la yo.

Direktè Bidjè La Mezon Blanch la, Jacob Lew –ki t ap abòde kesyon an dimanch 13 fevriye 2011 la—pale pou l di bidjè ki prale devan kongrè a e ki prevwa depans pou 3 trilyon 500 milya dola: “Genyen pou l koupe defisi a de mwatye anvan fen premye manda Prezidan Obama a an 2013 .“

Rediksyon nouvo bidjè a pwopoze yo pral plis ke double eliminasyon 400 milya dola nan pwogram ki pa esansyèl yo, jan prezidan an te di sa avèk anpil detay, nan diskou sou Eta Inyon an ke li te fè devan Kongrè a mwa pase a.

XS
SM
MD
LG