Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Bay Detay sou Yon nouvo Plan Defans pou Lèzetazini


Prezidan Barack Obama prezante yon nouvo plan defans ki bay detay sou pwojè gouvènman li a genyen pou l koupe plizyè milya dola sou bibjè Pentagòn nan
Prezidan Barack Obama prezante yon nouvo plan defans ki bay detay sou pwojè gouvènman li a genyen pou l koupe plizyè milya dola sou bibjè Pentagòn nan

Prezidan Barack Obama prezante yon nouvo plan defans ki bay detay sou pwojè gouvènman li a genyen pou l koupe plizyè milya dola sou bibjè Pentagòn nan (kidonk Depatman Defans la) nan kad yon tranzisyon aprè Lèzetazini pase yon dizèn dane nan lagè. Misye Obama di administrasyon n nan ap chache adapte fòs zame amerikèn yo yon fason pou l kapab adopte yon apwòch tou nèf lè li gen pou fè fas ak konfli.

Prezidan Obama deklare :

"Nou genyen opòtinite ak responsablite pou n gade ann avan pou n wè ki fòs zame n ap bezwen nan lavni."

Bò kote pa l, minis defans ameriken an, Leon Panetta, pale pou l di Lèzetazini pral konsève kapasite li genyen pou l fè fas ak plizyè ennmi an menm tan.

Misye Panetta di :

"Tout branch fòs zame Lèzetazini yo ansanm pral pi piti, yo pral genyen mwens moun ; men tou yo pral pi ajil, pi mobil, pi fleksib; y ap pare pou yo ale pran pozisyon nenpòt ki kote avèk rapidite; y ap fè chanjman pozitif gras ak teknoloji nouvèl yo."

Avèk nouvo plan Prezidan Obama detaye jedi a, bidjè Depatman Defans la pral sibi yon bès omwen 450 milya dola.

XS
SM
MD
LG