Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ap Kontinye Yon Toune Sou Kontinan Azyatik la


Prezidan Obama ap Kontinye Yon Toune Sou Kontinan Azyatik la
Prezidan Obama ap Kontinye Yon Toune Sou Kontinan Azyatik la

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan Endonezi pou yon vizit otorite peyi sa a t ap tann depi byen lontan. Lidè Lèzetazini an espere sèvi ak vizit sa a pou l ranfòse lyen ekonomik peyi li ak Endonezi ak efò Washington ak Djakarta ap fè ansanm nan domèn sekirite a, menm jan l ap chache kontinye lonje lamen bay mond mizilman an. Se kòmsi misye Obama t ap retounen lakay li paske li te pase 4 tran nan Endonezi lè l te timoun. Sepandan, tout gwo atant endenezyen yo te ka genyen pou vizit sa a yon ti jan diminye aprè otorite ameriken yo te gen pou anile 2 vwayaj yo te pwograme pou prezidan an.

Se ak son twonpèt ak yon salu 21 kout-kanno, Prezidan Obama kite yon limouzin ki te mennen n nan palè nasyonal la nan Dyakarta, e Prezidan Susilo Bambang Yudhoyoho te la pou akeyi li. Misye Obama bay manm kabinè minisiteryèl l ak lòt otorite ki te prezan yo lanmen anvan lit e komanse fè chita-tande ak misye Yudhoyono. Nan yon konferans pou laprès ki ta pral dewoule aprè sa, lidè ameriken an di se yon plezi pou l retounen nan Endonezi. Men, li pap santre atansyon n sou le pase, men pito sou yon lavni k ap repoze sou kontriksyon yon relasyon elaji ak pi gwo peyi mizilman ki egziste nan lemond nan.

Kòm youn nan pi gwo demokrasi nan lemond, kom pi gwo ekonomi nan Azi Sid Es la, kom yon manm Gwoup G-20 an, kom yon lidè rejyonal, kòm yon gwo kokenn achipèl ki pran devan nan lut kont chanjman klimatik yo, e kòm yon sosyete ki genyen ladan n yon divèsite ekstwoò̈dinè, Endonesi se peyi kote anpil defi ak anpil opòtunite 21èm syèk la rankontre.

Pwòch kolaboratè lidè ameriken an fè konnen, pandan rankont li ak Prezidan Yudhoyono, misye Obama santre atansyon n sou menm sijè li te abòde ak otorite Lend yo pandan yon vwayaj li fèk fin fè nan peyi sa a. Pami sijè sa yo genyen : plis kowoperasyon nan lit kont teworism nan, devlopman ekonomik, chanjman klima an ak enèji pwòp. Aprè sa, diskisyon yo pral kontinye nan yon dine ofisyèl Prezidan Yudhoyono ap fè òganize nan lonè Prezidan Obama. Mèkredi 9 novanm 2010 la lidè ameriken an pral vizite Moské Istiqtal la –ki se pi gwo moské ki egziste nan rejyon Sid ès Azyatik la; apre sa, lap fè yon diskou an plen è kote li pral mete yon mesaj devan pèp endonezyen an.

XS
SM
MD
LG