Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Anonse La p Retire 33.000 Sòlda nan Afghanistan


Prezidan Barack Obama depi "East Room" nan andedan Mezon Blanch lan pandan mesaj mèkredi 22 jen an kote li anonse pwojè li pou l redui kantite sòlda Lèzetazini genyen nan Afghanistan. Washington, DC (AP Photo/Pablo Martinez Monsivais, Pool)
Prezidan Barack Obama depi "East Room" nan andedan Mezon Blanch lan pandan mesaj mèkredi 22 jen an kote li anonse pwojè li pou l redui kantite sòlda Lèzetazini genyen nan Afghanistan. Washington, DC (AP Photo/Pablo Martinez Monsivais, Pool)

Lidè ameriken an di "Apati mwa ka p vini an, nou pra l retire 10.000 nan sòlda nou yo nan Afghanistan anvan fen ane a...e disi sezon ete ane pwochen an, nou pra l rapatriye 33.000 sòlda".

Prezidan Barack Obama gen pwojè wete yon tyè (1/3) nan sòlda ameriken yo nan Afghanistan disi fen ane 2012. Prezidan an di mèkredi swa rezon ki jistifye desizyon sa a se paske dènye ogmantasyon twoup li te òddone a akonpli objektif li yo.

Nan yon mesaj li delivre devan nasyon an mèkredi 22 jen an, misye Obama anonse pèp ameriken an, li koumanse demach pou l mete fen nan youn nan lagè pi long Lèzetazini janm fè nan istwa li. Chèf Mezon Blanch lan di "Li lè pou Etazini koumanse santre atansyon l sou bati nasyon lakay li, isit Ozetazini".

M. Obama deklare 100.000 sòlda ki nan Afghanistan yo "anfrajele" anpil-anpil rezo teworis al-Qaida a ki te lanse seri atak ki te pran lavi plizyè milye moun nan Nouyòk ak nan Washington (ansanm) nan ane 2001 an.

Gras ak siksè Lèzetazini reyalize nan mwa pase yo, prezidan an anonse yon tyè nan sòlda yo pra l kite Afghanistan disi fen ane 2012 la. Lidè ameriken an di "Apati, mwa ka p vini an, nou pra l retire 10.000 nan sòlda nou yo nan Afghanistan anvan fen ane a, e, disi sezon ete ane pwochen an, nou pra l rapatriye 33.000 sòlda".

Mr. Obama te voye 33,000 sòlda nan Afghanistan nan fen ane 2009. Misyon yo se te konbat al-Qaida, kase-fe aksyon mouvman taliban an ki ta p vale-teren epi fòme fòs sekirite afghan yo pou yo defan peyi yo.

Fòs ameriken yo te anvayi Afghanistan kèk semèn apre atak teworis septanm 2001 yo. Nouvo sonday opinyon yo montre anpil ameriken fatige ak lagè a e yo vle pou gouvènman Obama a santre atansyon li sou pwoblèm peyi a (Etazini), tankou pa egzanp:ekonomi an.

XS
SM
MD
LG