Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Aksepte Demisyon Jeneral McChrystal


Prezidan Barack Obama akspete demisyon pi gwo kòmandan Etazini nan Afghanistan an, jeneral Stanley McChrystal. McChrystal bay demisyon l kòm komandan ameriken nan Afghanistan apre yon seri komantè li menm ak sibaltèn li yo te fè nan magazin Rolling Stone sou gouvènman prezidan Obama a .

Bonè mèkredi 23 jen an, McChrystal te rankontre ak misye Obama nan Biwo Oval la Mezon Blanch lan nan Washington apre prezidan an te konvoke l pou l vin di dekiprevyen (?) sou deklarasyon l fè nan yon magazin nan. Jeneral McChrystal te kite la mezon blanch lan aprè yon chita tande 30mn ak prezidan Obama e li pat retounen non plis patisipe nan rankont Mr. Obama fè chak mwa ak ekip sekirite nasyonal li a.

Nan yon deklarasyon li fè mèkredi aprèmidi devan laprès, Prezidan Obama anonse, li nonmen jeneral David Petraeus pou ranplase jeneral Stanley McChrystal kòm nouvo kòmandan an chèf twoup alye ak twoup ameriken yo nan Afghanistan. Lidè ameriken an di "demach sa a pra l pèmèt Lèzetaini mentni pwogrè nan lagè Afghanistan an."

Nan Afghanistan menm, otorite yo deklare "yo pa ka tann pou yo travay ak nouvo kòmandan twoup alye l'Otan ak fòs ameriken yo nan peyi sa a, an palan jeneral David Petraeus.

Anvan nominasyon li pou ranplase jeneral McChrystal, jeneral Petraeus te lanse avètisman pou di "Lèzetazini pa ta dwe chanje kòmandan nan mitan lagè a".

XS
SM
MD
LG