Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Bezwen yon lòt Premye Minis


Ansyen Premye Minis deziye Bernard Gousse
Ansyen Premye Minis deziye Bernard Gousse

Prezidan ayisyen an Joseph Michel Martelly gen pou l deziye yon nouvo kandida pou pòs Premye Minis la apre majorite manm sena a vote pou rejte nominasyon Bernard Gousse pou pozisyon an. Sèz (16) senatè ki fè pati Group Palmantè pou Renouvo (GPR) rejte chwa Premye Minis deziye a -yon desizyon yo te anonse tout suit apre Prezidan Michel Martelly te rann piblik chwa ansyen Minis Jistis la kòm kandida pou dirije pwochen gouvènman an.

Youn nan senatè Depatman Sid la, Yvon Busserette, fè konnen desizyon an repoze non sèlman sou rezon politik, men tou li genyen yon jistifikasyon teknik akoz fason msye Bernard Gousse te resevwa dechaj pou l te okipe pòs Minis Jistis sou gouvènman enterimè a (2004-2006). Prezidan ayisyen na nan epòk la, Boniface Alexandre, te pibliye yon dekrè an favè msye Gousse ak kèk lòt manb gouvènman kontrèman ak dispozisyon manman lwa peyi a ki di se 2 chanm yo ki dwe bay ofisyèl gouvènman an dechaj.

Senatè Sid la di prezidan Martelly dwe konsilte prezidan 2 chanm yo, e answit pran kontak ak chak regroupman politik ki gen reprezantan nan palman an sou chwa kandida pou pòs Premye Minis la, avan pou li fè yon anons ofisyèl. Daprè Misye Busserette toujou, si prezidan Martelly swiv rekòmandasyon yo, pwoblèm ki te poze pou msye Bernard Gousse pap poze pou pwochen kandida pou pòs chèf gouvènman an e peyi a ap kapab genyen yon Premye Minis anvan fen mwa a.

Toujou kòm reyaksyon aprè vòt Gran Kò a ki rejte chwa Mèt Bernard Gousse la, Senatè Andris Riche (Grand Ans) konsidere vòt la kòm nil paske tout senatè yo pat patisipe nan seyans ratifikasyon an. Dapre nouvèl yo, gwoup senatè minoritè a te boude vòt la ; yo pa t di si yo te an favè nominasyon Premye Minis deziye a oubyen si yo te kont li. Senatè Steven Benoit, manm kowalisyon politik Altènativ, di li akspete desizyon majorite a.

Prezidan Asanble Nasyonal la, Rudolphe Joazil, fè konnen vòt la valab e li pral enfòme Prezidan Michel Martelly ofisyèlman sou desizyon majorite senatè yo; an menm tan tou, li lanse apè bay Chèf Deta a pou mande l kòmanse pwosesis seleksyon yon nouvo kandida pou pòs Premye Minis la. Sa pa gen lontan responsab regroupman politik Altènativ, Evans Paul, te lanse lide pou pati konsène yo jwenn sa li rrele « yon pak gouvènabilite » pou ratifye chwa mèt Gousse la e pèmèt peyi a gen yon nouvo gouvènman plis pase 2 mwa aprè Prezidan Michel Martelly te prete sèman. Vòt gwoup 16 senatè yo pran nan sware madi 2 out 2011 la montre yo pa t tande apèl dirijan Altènativ la.

XS
SM
MD
LG