Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Joseph Martelly Lanse Semèn Gouvènans la


Prezidan Ayisyen an, Michel Joseph Martelly, lanse lendi 8 out 2011 la sa li rele “Semèn gouvènans la” oubyen semèn bon jesyon leta ann Ayiti, avèk yon seri vizit nan administrasyon piblik la.

8 jou anvan sa, Misye Martelly te lanse «Semèn elektwonik la » kote li te pale de enpòtans teknoloji nan devlopman peyi a.

Lidè ayisyen an mete aktivite sa yo sou pye nan moman l ap pare pou l make 90 premye jou li sou pou vwa (swa 3 mwa).

Jiskaprezan li poko nonmen yon 3èm kandida pou pòs Premye Minis la aprè palman an te rejte 2 nominasyon : òm-dafè Daniel Gérard Rouzier avèk avoka Bernard Gousse.

Anvan lontan Prezidan Martelly pral kite Pòtoprens pou yon vwayaj nan Amerik di Sid kote li gen pou l vizite Chili avèk Ajantin.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande korespondan nou Clarens Renois pote plis detay sou pwen sa a depi Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG