Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Vizite Palman an yon Jou Anvan Premye Minis Deziye a, Bernard Gousse, Soumèt Dosye li Devan Sena a


Prezdian ayisyen an Michel Martelly
Prezdian ayisyen an Michel Martelly

Prezidan Michel Martelly fè, mèkredi 13 jiyè 2011 la, yon virewon nan kapital la, Pòtoprens, kote l vizite antwòt palman an.

Li rankontre ak manm tou lè 2 chanm yo nan moman sitiyasyon politik la parèt trè konplike pou Pouvwa Egzekitif la akoz dosye Premye Minis deziye a, Mèt Bernard Gousse.

Misye Gousse gen pou l prezante devan Sena a jedi 14 jiyè a pou l soumèt dokiman pèsonèl li dekwa pou 2 chanm yo vote swa pou apiye, swa pou rejte kandidati li a.

Depi semèn pase a yon majorite senatè te anonse yo pral vote kont nominasyon misye Gpusse la.

Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior ap di nou plis.

XS
SM
MD
LG