Prezidan Michel Martelly retounen nan peyi Dayiti apre yon vizit plis pase 48 tè Ozetazini.
Pandan vizit sa a, lidè ayisyen an te rankontre ak lidè kominotè yo e patisipe nan operasyon kote òganizatè yo t ap kolekte lajan pou pwogram Fon Edikasyon Nasyonal la.
Nan rankont sa yo, Misye Martelly ensiste sou enpòtans yon pwogram li lanse pou voye plizyè milye timoun lekòl, pandan li fè dyaspora a sonje nesesite poul kontinye enplike nan efò k ap fèt pou pote pwogrè ekonomik ann Ayiti.
Li bay kòm egzanp vedèt hiphop Wyclef Jean ak antreprenè Dumarsais Siméus ki retounen nan peyi yo aprè yo te pase plizyè ane a letranje.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Junior.