Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Prezan nan Somè CARICOM-Kiba a


Prezidan Michel Joseph Martell ap patisipe depi jedi 8 pou rive vandredi 9 desanm 2011 la, nan 4èm Somè CARICOM-Kiba k ap dewoule nan Port-of-Spain, nan peyi Trinidad Tobago. Yon nòt pou laprès ki soti nan Ministè Afè Etranjè ak Kilt la, fè konnen Prezidan an, ki genyen avè l Minis Afè Etranjè a , Laurent Lamothe, rankontre jedi ak manm Asosyasyon Eta Ameriken yo e avèk Sekretè Jeneral enstitisyon rejyonal la, Luis Fernando Andrade Falla.

Dapre nòt la toujou, delegasyon ayisyèn nan fè chita-tande pozitif ak reprezantan divès antrepriz pwodiksyon ak sosyete finansyè envestisman nan Trinidad ki manifeste enterè yo pou yo ale fè biznis ann Ayiti. Prezidan Repiblik la ak chanselye ayisyen an reyalize tou plizyè seyans travay pwodiktif ak plis pase yon kenzèn antrepriz trinidadyèn ki enterese pou yo etidye mache ayisyen an e fè kèk vizit anvan lontan nan peyi a --- avèk objektif pou kreye travay ann Ayiti.

Nòt la fini pou l di: Anvan lontan Ministè Afè Etranjè ak Kilt ap gen pou òganize yon somè ann Ayiti nan lide pou envite manm CARICOM yo redekouvri Ayiti ak pakèt òpòtinite envestisman peyi a ofri. Responsab ayisyen tou pwofite rankont Trinidad la pou yo atire atansyon, yon fwa ankò, sou ranpò sere ki egziste ant Ayiti ak alye l yo nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG