Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Martelly Anonse Fòmasyon Nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, foto achiv (VOA)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, foto achiv (VOA)
Nan yon kominike ki pote dat 5 me, biwo kominikasyon prezidans la anonse prezidan Michel Martelly fòme Konsèy Elektoral pwovizwa ki dwe òganize eleksyon anvan fen ane a nan peyi Dayiti. Selon nòt palè nasyonal la, desizyon misye Martelly a chita sou atik 7 ak atik 8 akò 14 mas El Rancho a ki di pati konsène yo dwe egzekite tèm akò a nan yon delè ki pa depase 10 jou.

Prezidans lan jistifye piblikasyon arete a apre ekspirasyon dat limit 10 jou pati yo te genyen pou nonmen nouvo manm yo dwe voye nan nouvo CEP a.

Biwo kominikasyon prezidans lan di apre 46 jou ap tann, nan kad detay 10 jou akò El Rancho a te bay pati yo pou yo deziye (si gen ka) yon nouvo reprezantan nan Konsèy Elektoral ki pral gen pou l òganize pwochen eleksyon yo, e nan kad volonte l pou 'l fè pwosesis ki dwe abouti nan eleksyon pa pita ke 26 oktòb 2014, prezidan repiblik la fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa a e li nonmen manm li yo (sic).

Nouvo manm Konsèy Elektoral la se: Pou Pouvwa Legislatif la
Marie Cluny Dumay Miracles
Pierre Simon Georges
Néhémy Joseph

Pouvwa Jidisyè a
Applys Felix
Carole Floreal Duclervil
Léopold Berlanger

Pouvwa Egzekitif la
Margareth G. Saint-Louis
Chantale Raymond
Fritzo Canton (ranplase Emmanuel Ménard comme Pwovizwa a)
XS
SM
MD
LG