Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Lanse Apèl Pou l Mande Inite nan Okazyon Fèt Drapo a


Prezidan ayisyen Michel J. Martelly
Prezidan ayisyen Michel J. Martelly

Mèkredi 18 me 2011 la te raple 208èm anivèsè kreyasyon drapo ayisyen an. Nan okazyon an, Prezidan Michel Martelly te fè deplasman an nan vil Arkayè, bèso kreyasyon bikolò nasyonal la pou l te patisipe nan yon seremoni tradisyonèl.

Nan diskou misye Martelly fè nan sikonstans la, li lanse apèl bay palman an an patikilye e tout ayisyen an jeneral (san bliye sila yo ki pat vote pou li e ki ta menm swete li echwe) pou yo chache jwenn menm inite ki te bay drapo a e ki te debouche sou endepandans la sa gen plis pase 200 zan, dekwa pou yo jwenn mwayen ki nesesè pou yo rebati peyi a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG