Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Konfime Chwa Om-dafè Daniel Rouzier pou Pòs Premye Minis la


Prezidan ayisyen an Michel Martelly
Prezidan ayisyen an Michel Martelly

Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, patisipe nan yon pwogram nan Televizyon avèk kandida li pwopoze pou pòs premye-minis la, òm-dafè Daniel Rouzier.

Nan pwogram sa a, Prezidan Martelly te jwe wòl yon jounalis ki t ap poze misye Rouzier kesyon sou fason li konte akonpli misyon n kòm chèf gouvènman an si palman an konfime nominsayon li pou pòs la.

Toujou ann Ayiti, Prezidan Martelly te ale nan vil Gonayiv dimanch 22 me 2011 la pou l te vizite yon mache kote dife fè gwo dega nan sware vandredi 20 me pase a.

Nouvèl yo fè konnen polisye ki te la pou asire pwoteksyon prezidan an maltrete kèk nan jounalis ki te la pou fè repòtaj sou evennman an.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Lyonel Desmarattes ak Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG