Accessibility links

Breaking News

Libi: Prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an Mande Pèp Libyen an pou l Apiye yon Eta Sivil e Demokratik


Mustafa Abdel Jalil
Mustafa Abdel Jalil

Chèf gouvènman tranzisyon an nan Libi ankouraje plizyè milye patizan nan Kapital la, Tripoli pou yo apiye yon eta sivil e demokratik ki onore Islam e respekte règleman lalwa.

Prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, Mustafa Abdel Jalil di administrasyon pwovizwa a ap chache yon eta kote Lwa Islamik la se baz pou lejislasyon, men li rejte nenpòt ideyoloji ekstremis a dwat oubyen gòch.

Jalil rive nan Tripoli samdi pase a pou premye fwa depi alye li yo te chase ansyen lidè a Moammar Kadhafi nan vi la. Li pale ak fou l la sou plas Martyr la, yon kote ke jiska dènyèman la a yo te konn itilize pou fè manifestasyon an favè Kadhafi.

Jalil t ap dirije gouvènman pwovizwa a nan vil Bengazi nan lès peyi a, yon vil ki te sèvi kòm bèso revòlt ki jete msye Khadafi mwa pase a.

XS
SM
MD
LG