Prezidan komisyon afè jiridik Chanm Depite a, Jerrold Nad-Ler, di komisyon an pare poul itilize tout mwayen lalwa mete a ladispozisyon li, si ansyen avoka-konsèy Lamezon Blanch la, Mèt Don McGHAN, pa konfòme li ak yon lòd li resevwa pou l konparèt devan komisyon an jounen madi 21 me 2019 la e fè depozisyon n.
Nan yon lèt Misye Nad-Ler voye bay Met McGhan e ki parèt nan laprès yon jou avan swa lendi 20 me a, Depite a rejte yon lòt lòd Lamezon Blanch pase ansyen konseye a poul pa al fè depozisyon devan komisyon jiridik chanm depite a.
Komisyon an ap chache fòse 5 ansyen fonksyonè Lamezon Blanch vin fè depozisyon sou rapò pwokirè espesyal Robert Muelle ki tap mennen ankèt sou enjerans Larisi ta komèt nan eleksyon prezidansyèl 2016 yo e pou konnen si Prezidan Trump tap eseye bloke travay lajistis. Prezidan komisyon an, Jerrold Nad-ler, te voye papye tenbre bay Lamezon Blanch pou egzije otorite konsène yo soumèt kèk dokiman apwopriye yo.