Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Rankontre ak 3 Otorite Wo Plase Ameriken nan Miami Eta Florid

Foto konbinezon soti agoch pou rive a dwat: Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence, Sekretè Deta Rex Tillerson, Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an John Kelly ak Prezidan Ayisyen an ,Jovenel Moise.
Foto konbinezon soti agoch pou rive a dwat: Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence, Sekretè Deta Rex Tillerson, Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an John Kelly ak Prezidan Ayisyen an ,Jovenel Moise.

Prezidan Jovenel Moise twouve l nan Miami, Eta Florid kote li rive nan kòmansman jounen jedi 15 jen 2017 la. Lidè ayisyen an pral patisipe nan yon konferans Haitian-American Chamber of Commerce of Miami --Chanm Komès Ayisyen-Ameriken an nan Miami-- ap òganize.

Pandan premye jou vizit li a nan Miami, Prezidan Moise chita pale ak kèk gwo otorite wo plase nan Administrasyon Trump la, tankou Vis Prezidan Mike Pence, Sekretè Deta Rex Tillerson ak Sekretè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly. Rankont Mesye Moise ak ofisyèl ameriken yo te dewoule vè 4:00 aprè midi, nan Florida International University.

Rankont Prezidan Jovenel Moise avèk yon gwo delegasyon ofisyèl ameriken nan Miami. Pami yo Vis Prezidan Etazini an, Mike Pence, Sekretè Deta Rex Tillerson ak Sekretè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly. 15 jen 2017.

Anvwaye espesyal Lavwadlamerik Serge Michel ak Nazon Beaulière, ki sou plas nan Miami, pare pou pote plis enfòmasyon sou rankont sa a pou oditè Lavwadlamerik.

Klike sou lyen odyo a pou suiv yon repòtaj Pierre Nazon Beaulière depi Miami.

Repòtaj Pierre Nazon Beaulière sou vizit Prezidan Jovenel Moise la nan Miami.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:07 0:00

XS
SM
MD
LG