Nouvo chèf deta ayisyen an, Jovenel Moise, di se nan inite, lapriyè ak sajès lap rive byen dirije peyi a. Mesye Moise pale konsa nan fen 3 jou priyè li te mande apre envestiti li 7 fevrye 2017. Prezidan an ensiste sou sistèm jistis la ki, daprè li, dwe mache san paspouki.