Accessibility links

Breaking News

Prezidan Irigweyen an Prezante Ekskiz Pou Vyòl 4 Manm MINUSTAH (Moun Irigwe) Ta Komèt sou Yon Jèn Ayisyen


Prezidan Irigweyen an, José Pepe Mujica (AP Photo/Andre Penner)
Prezidan Irigweyen an, José Pepe Mujica (AP Photo/Andre Penner)

Konsènan zak vyòl 4 sòlda irigweyen ta komèt sou yon jèn ayisyen 18 tan nan vil Port-Salut, nan pati sid Ayiti, VOA resevwa reyaksyon ki sòti nan Irigwe, peyi natal akize yo. Pou sèten senp sitwayen e sitou kèk manm laprès ki gade videyo ki montre ensidan an, zak sòlda irigweyen yo reprezante yon wont e menm yon move tach pou nasyon irigweyèn nan.

Nan yon entèvyou avèk VOA, jounalis Leonardo Luzzi, ki baze nan kapital Irigwe a, Montevideo, di prezidan peyi a, Jose Pepe Mujica, voye yon lèt ekskiz bay gouvènman ayisyen an.

Jounalis la di: “Gouvènman Irigweyen an konsidere sa k fèt la kòm yon abi, yon zak malouk, nan pwen ke, dapre enfòmasyon mwen genyen, prezidan irigweyen an fèk voye yon lèt ekskiz bay gouvènman ayisyen an ak pèp peyi d Ayiti a.”

Se pa sèlman prezidan irigueyen an ki reyaji sou sa k pase ann Ayiti a. Minis defans la, Farando Uidoro, ki fache anpil akoz zak 4 sòlda irigweyen yo poze a, te oblije prezante l nan palman an pou li bay lejislatè yo eksplikasyon sou ensidan an.

Jounalis Leonardo Luzzi, ki bay detay sou reyaksyon Misye Uidoro, di nou:

”Mwen dwe fè n konnen minis defans la, Farando Uidoro, te santi yon obligasyon pèsonèl pou l konparèt devan palman an e bay eksplikasyon sou move gadyen lapè irigweyen yo poze an Ayiti a; li te byen fache lè l t ap sòti nan palman an kote li di li pral ouvè yon ankèt an pwofondè sou afè a.”

Li posib pou gouvènman irigweyen an dedomaje viktim nan; men otorite yo poko pran yon desizyon final sou pwen sa a.

XS
SM
MD
LG