Accessibility links

Breaking News

Prezidan Iranyen an Rejte Presyon Entènasyonal yo


Prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad deklare grand’ puisans mondyal yo ta dwe sispann fè presyon sou peyi li ak sanksyon yo vle pran kont Iran akoz pwogram nikleyè l la. Iran ta dwe fè yon reyinyon sou dosye a mwa pwochen an avèk reprezantan 6 peyi: Etazini, La Grand Bretay, Lachin, Larisi ak Lalmay.

Pandan misye Ahmadinejad t ap pale ak laprès nan vil Baku, kapital Azerbaijan, li fè konnen sanksyon pap gen okenn move konsekans sou volonte ni pèp iranyen an, ni gouvènman peyi a pou yo patisipe nan negosyasyon entènasyonal.

Yon plan ki poko definitif prevwa pou Iran fè negosyasyon mwa pwochen an avèk 6 puisans mondyal (pami yo genyen Larusi, Lèzetazuni, Lachin, Lalmay,Lafrans ak La Grand Bretay). 2 pati yo poko antann yo sou kesyon pou konnen ki kote negosyasyon yo pral dewoule, ni ki pwoblèm yo dwe abòde konsènan pwogram nikleyè iranyen an.

XS
SM
MD
LG