Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Sibi yon lòt Operasyon pou Kansè


Prezidan kiben Raul Castro ak prezidan venezuelyen an Hugo Chavez nan Kiba
Prezidan kiben Raul Castro ak prezidan venezuelyen an Hugo Chavez nan Kiba

Prezidan peyi Venezuela a, Hugo Chavez, ap repoze l aprè li fin sibi yon operasyon pou doktè te wete nan kò li yon timè ki gen kansè.

Vis-Prezidan Venezuelyen an, Elias Jaua, fè anons sa a madi 28 fevriye 2012 la devan palmantè yo ki te bat bravo epi chante pou yo montre apui yo pou Misye Chavez ki gen 57 tan.

Misye Jaua di Asanble Nasyonal la medsen yo wete yon lezyon ak kèk tisi ki antoure pèlvis Prezidan Chavez ki te ale Kiba semèn pase a pou l fè operasyon pou sa ki, dapre sa l te di, ta sanble ak yon kansè.

Ane pase, Prezidan venezuelyen an te sibi kèk operasyon nan Kiba kote li te fè chimyoterapi apre doktè te wete yon timè menm kote a, sètadi nan zòn pèlvis li.

XS
SM
MD
LG