Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Akize yon Doktè Dèske li Bay Manti sou Eta Sante li


Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez nan konferans de près nan Palè Miraflores la nan Caracas
Prezidan Venezuelyen an Hugo Chavez nan konferans de près nan Palè Miraflores la nan Caracas

Prezidan Hugo Chavez fè konnen yon doktè li t ap swiv e ki te di li gen sèlman 2 zan pou l viv, pat janm trete l vrèman.

Prezidan venezuelyen an di doktè Salvador Navarrete sanble te resevwa lajan pou l fè yon deklarasyon konsa e li konsidere doktè a kòm yon « mantè ».

Mesye Chavez ajoute, Misye Navarrete pat janm fè yon tès sou li. Vrèmanvre, pi bonè nan mwa sa a, Doktè Navarrete te di magazinn meksiken «Milenio » Prezidan Chavez t ap soufri ak yon kansè « tip agresif » -donk yon kansè ki pa ka geri.

Doktè a fè konnen li te oblije kouri kite Venezuela apre deklarasyon n nan te parèt nan laprès. 20 oktòb pase a, Prezidan Chavez te di li pa gen kansè ankò.

XS
SM
MD
LG