Prezidan chinwa a, Hu Jintao, make 90èm anivèsè fondasyon pati kominis la vandredi premye jiyè 2011 la avèk yon diskou li fè devan plizyè milye ofisyèl ak manm pati a –diskou kote li di « pati kominis la fèt pou l garanti pwogrè ekonimik Lachin pandan l ap chache bay peyi a estabilite sou plan sosyal. »
Nan mesaj sa a ki dire 90 minit e ki pase sou televizyon, misye Hu --ki t ap pale depi sa yo rele «Grand Sal Pèp la-- lonje dwèt sou koripsyon kòm yon danje klè, yon danje ki pa lwen e ki menase lejitimite pati ki sou pouvwa a.»
Lidè chinwa a lanse avètisman pou l di koripsyon kapab lakoz pati kominis la pèdi apui ak konfyans pèp la.