Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hosni Mubarak Kite Pouvwa a


Prezidan Hosni Mubarak Kite Pouvwa a
Prezidan Hosni Mubarak Kite Pouvwa a

Prezidan Mubarak kite pouvwa a ann Ejipt. Vis-prezidan Omar Suleiman fè anons sa vandredi 11 fevriye 2011 la pou l di fòs militè peyi a ki pral pran kontwòl.

Anons sa a fèt sou televizyon Leta pandan plizyè milye manifestan anti gouvènmental te gaye nan Cairo ak lòt vil peyi a apre Mubarak te finn refize demand popilasyon an pou l te demisyone san pèdi tan. Se pa de kontantman ki te gen nan Cairo lè pwotestè yo tande nouvèl sa a.


Foul la te rasanble nan Cairo ak lòt gwo vil Egypt aprè mès vandredi maten an pou yo te kontinye mande demisyon Prezidan Mubarak.

Lame prezan sou Plas Liberasyon an, nan kapital la, kote plizyè milye moun rasanble anba tant yo enstale a lenprovis: y ap chante slogan kap di « Lejip libere » pandan y ap fè drapo nasyonal la flote nan lè a.

Genyen ki pran pozisyon tou devan lokal televizyon ak radyo nasyonal la, e devan palè prezidansyèl la. Manifestan anti-Mubark yo rasanble tou nan lot zòn nan peyi a, tankou nan vil Alexandri ak Suez.

Isit Washington, La Mezon Blanch fè konnen Prezidan Barack Obama o kouran desizyon Prezidan Hosni Mubarak pran pou l kite pouvwa a; lidè ameriken an resevwa enfòmasyon s a pandan li t ap patisipe nan yon rankont nan biwo I nan palè nasyonal la nan Washington.

Pwofesè Jean-Robert Simonise analizye enpak demisyon sa a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande Pwofesè Jean-Robert Simonise

XS
SM
MD
LG