Accessibility links

Breaking News

Prezidan Eli Michel Martelly Pral Vizite Lèzetazini


Prezidan Eli Ayiti a Michel Martelly
Prezidan Eli Ayiti a Michel Martelly

Prezidan eli ayisyen an, Michel Joseph Martelly, ap pran avyon madi 19 avril 2011 la pou Etazini --- pi presizeman Washington--- kote li pral fè chita-tande ak responsab Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal ak sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton.

Biwo mesye Martelly a pibliye anons sa a lendi 18 avril 2011 la. Li presize, pandan sejou nouvo eli a Ozetazini, li pral santre atansyon n sou kreyasyon travay, edikasyon, sekirite, rekonstriksyon ak lasante.

“The National Press Club” konfime mesye Martelly pral bay yon konferans pou laprès nan katye jeneral li nan Washington jedi 21 avril 2011 la k ap vini la a. Depatman Deta poko konfime rankont mesye Martelly ak Sekretè Deta Clinton.

XS
SM
MD
LG