Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Anonse yon Konferans Deprès sou Dosye Resansman an


Prezidan ameriken an Donald Trump nan Lamezon Blanch.
Prezidan ameriken an Donald Trump nan Lamezon Blanch.

Prezidan Etazini Donald Trump ka pran yon dekrè ekzekitif jedi 11 jiyè 2019 la pou ajoute yon kesyon ki fè pale anpil sou sitwayènte nan resansman ki pral fèt nan ane kap vini an e ki fèt chak 10 lane nan peyi a.

Misye Trump fè konnen l ap bay yon konferans pou laprès nan Jaden Woz la sou resansman ak sitwayènte, e li ka anonse aksyon ekzekitif la apre sa.

Sa gen 2 semèn, Kou Siprèm-nan te bloke Misye Trump pou anpeche l ajoute kesyon-an nan resansman pou premye fwa depi 70 lane, yon desizyon ki soti nan yon vòt 5-4, ki declare rezon ke administrasyon an bay pou ajoute li a pou pwoteje dwa minorite yo – sanble se yon rezon ke li fòje.

XS
SM
MD
LG